Yon lidèship ki santrel sou enpotans ak valè moun dabò, toujou bay rezilta!
Li paret fasil pouw pale oswa ekri sou sa ki gen rapò ak lidèship men Sè pa yon bagay Ki toujou fasil pouw asime kapasitew antanke lidè.... Mrenmen repete souvan ke Lidèship nan limenm son bagay ki kontekstyèl, e pakou nou nan pwosesesis la kom lidè gon fom sinizoyidal e poutèt sa lidè yo dwe toujou ap evalye tet yo parapò a moun yo te ye avan e moun yo vin ye jodia. Menm Jan laviw gen enfliyans sou antouraj ou, se menm Jan an vi paw ap rive enfliyanse pa tout sa kew bay pèmisyon pou antre nan laviw; e yo kapab se moun kew pase anpil tan ak yo; mizik ke wap koute; liv kew li etc.... Eksperiyans aprann mwen ke chak etap, chak sezon nan pakou yon lidè vini ak nouvo défi e nouvo défi sa yo pral revele model lidèship Ou epi metew faskare a fos epi febles ou; donk antanke lidè, li plis ke enpotan pouw toujou ap evalye moun ou ye epi kontinye grandi nan bon sans lan... Mwen vle pataje 3 valè ke lidè sa yo aplike nan model lidèship ke yo devlope ak antouraj yo: 1-Lidè sa yo, kwè nan fome lòt moun, ede yo devlope talan ak kapasite yo nan pi wo nivo a. Yo plis konsidere tet yo kom yon kotch pou moun sa yo, olye de yon bouro. 2-Lide sa yo, rekonet ke strateji son kantite ide kew genyen san resouzimèn, rive ekzekite bèl ide sa yo se sèl diferans ki egziste ant posibilite ak reyalite. Lidè sa yo, konprann ke tout gro akonplisman yo rive fè pa selman rive jus paske yo te gen bèl ide; men sa rive paske yon moun te pran bèl ide sa yo epi enspire lot moun ak yo. 3-Lidè sa yo, envesti nan siksè chak grenn manb ekip yo, Yo pa janm rate yon okazyon pou yo pale, ak selebre lavi epi mentore manb ekip yo. Daprè anpil gro ikón nan mond lidèship la, lidè ki rive atenn plis objektif, lidè ki champyon nan kous la, rete grave nan memwa kom lidè ki envesti plis nan moun; paske statisk montre ke 80-90 % fwa lidè yo pa janm aji pou pwop entere yo m’en pito nan enterè majorite a. E Pou chak objektif atenn , lidè Sa yo toujou préféré atribye siksè rezilta sa yo nan kad yon aksyon kolektif, yon travay dekip olye de yon reysit pèsonèl. Pemet mwen pataje avew 3 karakteristik kap edew konprann epi rekonet lidè sa yo, ki aplike yon model lidèship kote ke nwayo lidèship li se enpotans li bay moun de fason jeneral. 1-Lidè sa yo pa janm abandonné kous la, esperans yo toujou high level; yo toujou rete focus sou sa kise objektif yo e nenpot Jan situation an oswa sikonstans lan ta difisil road map la pap chanje. Mwen sur kew konn yon moun konsa nan antouraj ou! 2-Lidè sa yo gen bon jan kapasite pou